this used to be photo

Juno7

Danje ki gen nan antibiyotik fanm ap pran pou netwaye vajen

Oct. 19, 2020, midnight

Gen de seri de fanm ki konn ale swa nan fanmasi oubyen achte nan men machann pwomennen antibiyotik pou netwaye vajen yo aprè yo fin gen règ yo. Yon bagay ki ka pote danje sou sante medam yo daprè doktè Kerry Norbrun ke n te fon ti pale ak li. Selon doktè a, gen de seri de fanm ki gen konpòtman sa nan panse sa ap ede bouboun yo dekrase, y ap ka ale fè sèks pi rapid, pandan l fè konnen ke bouboun yon fi pa bezwen sa paske li netwaye pou kò l. Nan antibyotik medam yo renmen pran an, doktè a fè konnen tout pa aji sou tout mikwòb, pandan l ajoute pou l di Pi lwen, doktè a fè konnen nan koze antibiyotik yo ap bwè a sitou pou netwaye vajen yo ka ba yo enfeksyon ki pa janm geri epi vin grav. Nan pran antibiyotik li fè konnen sa konn anpeche yo fè pitit. Li diminye chans pou yo konbat enfeksyon epi ogmante chans pou yo mouri, selon doktè Norbrun. Pou fini, doktè Kerry Norbrun fè konnen dènye antibiyotik ki te fèt la soti an 20è syèk. Yon fason pou l eksplike pou l di ke tout antibiyotik ki sou mache yo la mikwòb yo getan reziste a pi fò nan yo pandan l di ke te otomatikman deklare sa kòm pwoblèm sante piblik e wè anpil maladi kòmanse ap vale teren kounya.