Juno7
Kidnapin : elèv kolèj “Coeurs-Unis” yo kontinye ap mande liberasyon Marie Paul Janvier
Jan. 20, 2021, midnight
Byen bonè maten an, elèv yo refoule beton an kote yo boule kawotchou, voye wòch ki ta lakoz vit machin anpil moun kraze epi kreye yon mouvman panik nan ri Kamo ak zòn ki anviwonnen l yo. Sa ki ta pral lakoz yon bakòp ki te sou plas lanse gaz lakrimojèn pou eseye kalme sitiyasyon an. Yon repòtè Juno7 ki sou plas pale ak yon pwòch direktris administrativ la, li fè konnen ravisè yo te mande 180 mil dola vèt nan yon premye tan, nan negosiyasyon yo rete ak 900 mil goud. Yon negosiyasyon k ap kontinye toujou selon pwòch la ki konfime ravisè yo fè yo pale ak Marie Paul Janvier. Jodia fè dezyèm jou depi elèv ak pwòch Marie Paul Janvier kontinye ap mande liberasyon l ki ta lakoz zòn lan bloke kote lekòl ak biznis pa twò fonksyone.Koze mobilizasyon pou egzije liberasyon viktim yo vin tounen yon koutim kay popilasyon an. Nou ka raple mobilizasyon pou Magdala Louis, pou Eril Dédé, Joana Dorcéus , Mike Bellot elatriye .