this used to be photo

Juno7

Gaz lakrimojèn kraze pwogram Blondedy Ferdinand nan Randevou 33

Oct. 4, 2020, midnight

Yon aksyon ki ta pral kreye anpil panik kote moun kouri kite espas la. Nan kouri sa k te genyen an, moun tonbe, moun endispoze, tèt kase, fè rantre nan pye moun. Jiskounya, okenn enfòmasyon poko revele sa k ta lakoz gaz sa voye nan espas la pandan dewoulman aktivite a. Bondye epanye lavim se sa ki inportan mwen ok🙌🏼Mesi Jezu ou pa janm kite jalouzi fem aji konsa,aswe ya mwen te ka pedi lavim akoz de jalouzi 🙏🏽 — Blondedy Ferdinand (@BlondedyF) Touswit apre zak sa, konsène a, Blondedy Ferdinand poste yon mesaj kote l di Bondye epanye lavi l, li ok. Pandan l kontinye pou l di mèsi Jezi ou p ap janm kite jalouzi fè m aji konsa.