this used to be photo

Juno7

Milan vs Inter: 10 bagay ou dwe konnen sou istwa “Derby” sa

Oct. 18, 2020, midnight

Yon match a yon sèten epòk ki te gen yon filing bò kote fanatik ak pa bò isit. Filing sa ta pral bese depi lè 2 ekip sa yo vin pa kanpe sou anyen epi Derby sa vin pa sisite plezi pou pouse moun ale gade l. Men, depi apre bòn fòm ekip Milan an epi retou Inter nan premye plan nan chanpyona lakay li, atant yo te anpil yè bò kote fanatik foutbòl ki te pran plezi gade 225è Derby a. Kisa w dwe konnen sou istwa Derby sa? Gon sen nan vil Milan an ki fèt an lò ki twouve l sou tèt katredal vil sa epi ki domine vil la. Sen sa pote non Madonnina, li reprezante Vyèj Mari. Son sen abitan yo apresye anpil epi priye ki fè Derby a tou pote non sa. Premye match ant 2 ekip yo pa t fèt nan San Siro a. Match sa te fèt nan ane 1908 nan okazyon koup “Chiasso”, Milan te bat 2-1.Milan se sèl vil an Ewòp ki gen 2 ekip ki pran Lig Dè Chanpyon. Milan gen 7 tit, Inter gen 3. Ikrenyen an, Andriy Shevchenko ansyen atakan Milan se jwè ki jwenn wout filè a plis fwa nan koze Derby 2 ekip vil Milan yo. Kote nouvo antrenè peyi Ikrèn lan make 14 gòl. Ajanten an, Walter Samuel ki te pote koulè ekip Inter a, se sèl jwè ki gen 10 viktwa youn kole ak lòt nan istwa Derby sa. Nan ane 80 yo, Derby ant Inter ak Milan te tou mete fas a fas 2 frè tou. Se Franco Baresi ki te pase anviwon 20 tan nan klèb Milan an epi Giuseppe Baresi ki te jwe yon bon ti tan pou Inter.Paolo Maldini, ansyen defansè ekip Milan an, se moun ki parèt plis fwa nan Derby sa. Kote li jwe 56 Derby. Dat sa ret grave nan istwa ekip Milan an, kote yo kraze Inter 6-0. Epòk sa se Tassoti  ki te antrenè yo. Milan pi popilè ke ekip Inter a, chif yo bay li gen anviwon 100 milyon fanatik atravè mond lan. Menm an Ayiti nou ka remake wouj e nwa yo pi popilè ke Inter. N ap raple w ke Milan premye pou kò l ak 12 pwen sou 12 nan chanpyona a.