this used to be photo

Juno7

Kidnapin: yon manb Fanmi Rubens Chery demanti pawòl ki fè kwè yo jwenn kadav li

Jan. 27, 2021, midnight

Mackendy Nereus ki se gran kouzen Rubens Chery fè konnen misye soti samdi bò 1è yo, se depi jou sa yo kidnape li epi fanmi an te tande vwa li pandan ravisè yo te mande 200 mil dola vèt. “Misye soti samdi bò 1 nè. Lè yo(ravisè yo) rele nou li te nan 2 zè 40, yo rele nou sou telefòn pa li, yo fè nou konnen yo kidnape li. Nou te tande vwa li fè nou konnen yo kidnape li. Aprè sa yo vin mande nou 200 mil dola pou yo libere l”, eksplike Mackendy Nereus. Aprè premye apèl ravisè yo te fin bay an samdi pou enfòme fanmi Rubens yo kidnape l, endividi yo te retounen rele nan dimanch pou fanmi an pote lajan an vini pandan yo te fè yo konnen se kadav Rubens y’ ap jwenn si yo pa pote lajan an , toujou daprè sa Mackendy fè konnen ak redaksyon . Depi jou sa, fanmi an pa janm jwenn okenn apèl bò kote ravisè yo ankò.“Depi lè a tou nou pa janm tande l. Nou eseye rele sou nimewo a se demwazèl la(tidam Rubens te soti a) ki te pran apèl la anpil fwa”, deklare Mackendy Nereus Se menm Marlie sa daprè sa Mackendy fè konnen lè fanmi an rele ki te enfòme yo kidnapè yo bat Rubens, yo rache dan li, yo fè l pase mizè . “Li di nou yo bat Rubens anpil, yo rache yon dan l. Kounya la nou di l kote li ye a fè n pale avè l, apre sa li rakwoche. Apre sa nou retounen l apèl la ankò li di nou li pa menm kote avè l, yo mete l kote yo pral touye moun”, eksplike gran kouzen Rubens lan. Mackendy fè konnen fanmi an ki te sot DCPJ yè madi 26 janvye a pa an mezi di si Rubens mouri oubyen pa mouri paske yo pa janm gen nouvèl li ditou depi dimanch pase a. Fanmi an tou pa an mezi di nan ki blòk kidnapin sa fèt men daprè sa kouzen an fè medya a konnen, Rubens Chery ta pral Dèlma pou rankontre demazwèl la ki rele Marlie ki se mennaj li, selon deklarasyon kouzen an .“Se ti fi a ki te rele l, kounya li pa jwenn li sou pa l la, li rele l sou pa manman an li ba l 4 apèl. Lè kounya nou pèdi tou lè 4 apèl yo kounya manman an vin di Rubens m te wè Marlie rele w wi, kounya li di l ap retounen l apèl yo. Misye retounen l apèl la, li di l ap vin jwenn li”, relate Mackendy. Depi aprè fanmi an pa janm tande nouvèl Rubens Chery ankò nan men kidnapè yo, yo fè tout demach nan peye chofè moto, bwase lari a pou gade si yo ta tonbe sou kèk kadav, yo pa janm jwenn anyen. “Jiska moman m ‘ap pale ansanm avè w la, mwen gen zanmi atravè kapital la ki ap ede n chache. Mwen menm peye chofè moto pou gade pou m wè ki kote yo jwenn yon kadav , nenpòt kote li ye a map ale pran l”, deklare kouzen an ak yon vwa tris. Rubens Chery t’ap viv ak manman l, papa l, frè l ak sè l nan yon kay ki chaje lòt fanmi tankou tonton, matant, kouzen, kouzin. Mackendy Nereus fè konnen eta mantal fanmi an pa anfòm ditou paske yo pa gen nouvèl Rubens Chery“Eta mantal fanmi an se dezolasyon. Strès a 100 pou 100”. Okenn nouvèl sou Rubens Chery. èske li vivan, èske li mouri? Yon kesyon ki rete jiskaprezan san repons. Pandan tan sa fanmi an sou chòk pa konn ki sen pou yo rele. Tris Ayiti!