Juno7
Lucmane Delille tonbe kriye pou jan li wè ensekirite a ap pran chè
Oct. 23, 2020, midnight
Ansyen minis revoke a di se avèk anpil “amertume” l ap viv sitiyasyon sa kote li deplore aksyon mesye kidnapè yo ki tèlman santi yo alèz nan zak y ap komèt yo. Li te pwofite adrese l ak kote l raple l ke se li popilasyon an te vote kote l kontinye pou l di ke prezidan an repiblik la fas ak desten l, fas ak listwa. Pandan l ajoute “li pa gen dwa tolere peyi Dayiti… Se nan moman sa Lucmane Delille pa t ka kenbe kriye a panda l ap di “Sa fè m mal, se revòltan”.Apre l te fin kalme emosyon l, li fè konnen li pa konn abitye nan sitiyasyon ap kriye, pandan l di li rekonèt jan anpil moun ap viktim de bagay sa. Se konsta yo ki ta pral pouse l tonbe kriye dèyè telefòn lan. Pandan l te pwofite anonse ke revokasyon l anndan pouvwa a te sisite pa jalouzi san l pa pwente gwoup oubyen moun ki te jalou de li yo. Li te kontinye pou l di gen moun anndan ekip la ki t ap di yo pa bezwen moun k ap pale anpil se rezilta yo bezwen. Li te pwofite deplore apre 3 mwa ke li kite pa gen okenn rezilta. N ap raple nan dat 9 jiyè pase a, apre li te fin bay yon konferans de près menm dat sa pou anonse li ta pral pran anpil dispozisyon pou met nèg ak zam nan vrè plas yo.