this used to be photo

Juno7

Jovenel Moïse fè plizyè vizit wikenn sa epi pwofite inogire yon sistèm ponp solè

Dec. 13, 2020, midnight

Samdi 12 desanm lan, prezidan an fè konnen li te nan vil Sen Mak, li te vizite nouvo enstalasyon santral elekrik anndan vil sa. Nan menm samdi sa, chèf leta a te tou pwofite inogire yon sistèm ponpaj solè pou agrikiltè ki twouve yo Ti Dolan, ki son lokalite ki twouve l nan premye seksyon Pon Tamaren, Plèn Gonayiv. Jovenel Moïse ke opozisyon an mande bay talon l 7 fevriye k ap vini la, te pwofite ale kan kòk – Vodrèy pou wè kijan eta avansman twonson wout Kan kòk rive Vodrèy la ye pandan l fè konnen abitan zòn sa di wout sa reprezante yon bon bagay pou devlopman depatman Nò a. Chèf leta a te pase Karakòl, depatman Nòdès kote l inogire yon lòt sistèm ponp solè pou agrikiltè zòn sa. Yon pwojè ki jwenn sipò gouvènman Taywann lan, kote nan menm koze koperasyon ant 2 peyi yo, prezidan an inogire 3 ponp solè nan Karakòl, Fayeton ak Ferye ki vin ajoute sou 13 lòt ponp solè ki te deja enstale pa ministè anviwonman.