this used to be photo

Juno7

Opozisyon an lanse dènye liy dwat batay la nan objektif pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a

Jan. 31, 2021, midnight

Se devan plizyè militan de baz ak kèk lòt lidè politik nan opozisyon an, epi kèk reprezantan sektè sendikal la ke seremoni sa dewoule avèk yon minit silans ki te fèt nan memwa sosyològ, manb Sektè Demokratik la , Anthony Barbier, ki se mari jounalis  Liliane Pierre Paul epi yon nan moun ki te batay tou pou mete tèt ansanm nan opozisyon an, ki mouri vandredi swa, aprè yon malèz li te gen . yon nan manm komite mobilizasyon sitwayèn te pran Lapawòl pou l te pwofite voye senpati l bay fanmi Mesye Barbier espesyalman ak jounalis Liliane Pierre Paul. Li tou anonse tou ke rèv Anthony Barbier te gen pou peyi a p ap kaba. “Disparisyon Anthony Barbier dwe ba nou plis fòs pou nou kontinye batay. E nou swete ke li ba nou fòs, epi fè sa li ka fè kote l ye a pou fasilite Jovenel Moïse kite palè nasyonal 7 fevriye 2021 k ap vini la. Nou pral batay pou nou fè kè l kontan kote l ye a. Nan lè k ap vini la yo dokiman inite ak sòti nan kriz la pral akouche devan pèp ayisyen an”, deklare ansyen senatè Nenel CASSY.Nenel CASSY konfime tou ke tout pati nan opozisyon an deja gen akò sou anpil pòs pou enstalasyon tranzisyon an. “Nou klè deja sou chwa premye minis, chwa prezidan, chwa monte gouvènman. Sa ki rete kounya se djòb pèp ayisyen an pou fòse Jovenel Moïse kite palè a. Kote m ap pale la, se dènye diskisyon yo k ap fèt”. Mèt André Michel ki se pòt pawòl sektè demokratik la bò kote pa l anonse dènye manch batay la sou teren an apati de demen, epi anonse tou prezans jounalis ak obsèvatè etranje nan peyi a. ” Jodi dimanch 31 janvye 2021 an, pèp la pral desann nan lari a an mas. Pou mande respekte konstitisyon an, pou l mande enstalasyon tranzisyon ripti a. Jovenel Moïse dwe respekte atik 134-2 konstitisyon an. Deja gen plizyè jounalis ak obsèvatè etranje sou tèren an pou asiste ak dènye manch batay sa, pou fè Jovenel respekte konstitisyon an. Lapolis deja okouran, nou espere l pran resposablite l”.Premye ak 2 fevriye  k ap vini la, se ap 2 jou grèv nan tout peyi a. Reprezantan sendikal yo ak lòt lidè politik mande Popilasyon an pou respekte grèv sa yon fason pou di NON ak ensekirite a k ap taye banda epi voye yon avètisman bay pouvwa an plas la pou  di l li pa gen kapasite dirije peyi a.