this used to be photo

Juno7

7 fevriye: Kapital la leve tankou yon dezè

Feb. 7, 2021, midnight

Jan anpil obsèvatè te atann ak sa, kapital peyi a ak zòn ki anviwonnen l yo leve tankou dezè. Apre konsta sal redaksyon an, nou remake pa gen pyès machin prive k ap sikile pa menm bezwen pale de transpò an komen yo ki konplètman paralize. Se kèk grenn moto k ap monte desann nan laria. Pòt legliz yo rete fèmen, makèt pa louvri, ponp gazolin pa fonksyone. Menm nan mache piblik ki sou gran wout yo pa gen twòp machann ki vin vann. Channmas militan yo te koumanse chofe beton an kote yo t ap boule kawotchou, mete wòch epi menm arive boule yon drapo ameriken. Zòn Kafou Auewopò, gen militan ki koumanse rasanble pou lanse yon manifestasyon espontane pou mande depa sou pouvwa a.Granm bonè maten an, anpil sitwayen te fè konnen yo tande anpil katouch kote yo rete a. Plizyè kote tou gen kawotchou ki t ap boule. Gen anpil prezans polisye tou nan laria Kapital la leve maten an konsa nan objektif dat 7 fevriye a ki pou anpil moun se dat manda Jovenel Moïse bout selon atik 134-2 konstitisyon an.