this used to be photo

Le Nouvelliste

Note de contestation de l’avis d’interdiction # 1 publié par la mairie de Port-au-Prince

March 29, 2021, midnight

Nous, Inisyativ Sante Mantal Ayiti (ISMA), association constituée de non spécialistes (usager.e.s de services, proches de personnes atteintes de maladies mentales, personnes concernées) et de professionnel.le.s de la santé mentale, dénonçons l’avis d’interdiction # 1, publié par la mairie de Port-au-Prince concernant la place des Artistes (au Champ de Mars). En effet, il est stipulé dans cet avis, en son point 4: Les malades mentaux (moun fou) sont interdits de circuler à l’intérieur de la place. Nou menm nan Inisyativ Sante Mantal Ayiti (ISMA), yon asosyasyon ki gen ladan ni moun ki pa espesyalis (sila k ap itilize sèvis nou yo, pwòch moun ki gen pwoblèm sante mantal yo, ak lòt konsène) ni pwofesyonèl sante mantal, nou denonse avi entèdiksyon #1 Lameri Pòtoprens pibliye  konsènan plas Atis yo (sou Channmas la). Vrèman vre, nan avi a yo di konsa, nan pwen # 4 la : « Les malades mentaux sont interdits de circuler à l’intérieur de la place. » (Moun fou pa gen dwa pwomennen sou plas la.) Soulignons de plus que les pouvoirs publics n’ont mis sur pied jusqu’à cette date que des structures dérisoires, indignes et en nombre nettement insuffisant pour les malades mentaux, contrairement aux efforts consentis dans d’autres pays de la région. Or la conjoncture politique, économique et sociale d’aujourd’hui qui met à mal la population dans son ensemble affecte davantage les individus déjà fragilisés par une pathologie mentale. N ap tou pwofite raple jouk jodi a se apèn si Leta mete kèk estrikti rizib, san diyite epi nan yon kantite ki klèman pa sifi pou moun ki malad mantal yo, kontrèman ak jefò lòt peyi nan rejyon an reyalize nan domèn sa. Epoutan, sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal la jodi a k ap frape tout peyi a nèt, li afekte pi mal toujou moun ki te deja frajil akoz maladi mantal. Nous tenons à signaler qu’il s’agit là d’une règle discriminatoire à l’encontre des personnes souffrant de pathologies mentales. La mission d’ISMA vise à lutter contre l’ignorance, les tabous et stigmates entourant la maladie mentale et à s’assurer que les personnes qui en sont atteintes soient traitées avec dignité et respect. Fort.e.s de ceci, nous décrions cet avis qui stigmatise, marginalise des individus vivant avec une déficience et qui porte atteinte à leurs droits et à ceux de la personne en général. Cet avis enfreint plus précisément la loi haïtienne du 13 mars 2012 sur l’intégration sociale des personnes handicapées. En formulant cet avis, la mairie de Port-au-Prince déroge à son devoir de servir tous/toutes les citoyen.ne.s de la commune dont elle est responsable, et ce, quelle que soit leur différence. Nou vle siyale règ sa a se yon diskriminasyon kont moun ki soufri maladi mantal yo. Misyon ISMA se lite kont inyorans, tabou ak estigma ki antoure maladi mantal e veye pou moun ki gen maladi sa yo yo trete yo ak diyite epi respè. Sou baz sa, nou rele chalbari dèyè avi sa a ki estimatize, fè moun k ap viv ak enkapasite yo pase pou kat make epi ki pase pye sou dwa yo ak dwa moun an jeneral. Pou plis presizyon, atik sa a vyole lwa ayisyen 13 mas 2012 sou entegrasyon sosyal moun andikape yo. Atravè avi sa a, Lameri Pòtoprens pa respekte obligasyon li genyen pou sèvi tout sitwayen, fanm kou gason, nan komin li responsab la, yon obligasyon ki toujou kenbe kèlkeswa diferans ki genyen ant moun yo. Signature de membres et sympathisants d’ISMA Yanick Lahens                                               Fritz Alphonse Jean Nathalie Coicou                                             Magalie Comeau Denis Dolorès Neptune                                            Vélina Elysée Charlier Odile Reiher                                                   Sister M Carole Sassine                                               Richard Sénécal Arnold Antonin                                                Monique Clesca Eddy Robenson