this used to be photo

Juno7

Etazini: Yon moun achte bout planch ki te sove Rose nan fim Titanic lan pou 700 mil dola

March 27, 2024, midnight

Li difisil pou yon moun ki konn gade fim oubyen konn istwa bato Titanic pa sonje sèn sa kote Rose () pandan l nan lanmè a lè bato a fin koule te ale pran refij sou yon moso planch. Eben nan kad yon vant ozanchè ki te òganize pa Heritage Auctions, nan vil Texas, peyi Etazini, bout bwa sa yon moun achte li pou 700 mil dola vèt. Pandan evènman sa ki batize , plizyè lòt objè nou konn wè nan fim te arive vann, pami yo .Nouvèl la gaye jodia nan sa k gen pou wè ak planch ki te sove Rose nan fim Titanic lan. Daprè plizyè medya, yon moun idantite l pa revele deside achte objè sa pou 700 mi dola. Pandan evènman vant ozanchè sa, se objè sa ki te vann pi chè. Moun ki te ap òganize aktivite sa soti yon kominike tou pou bay detay sou acha yo.Nan kad aktivite sa, responsab yo arive rekòlte 15,68 milyon dola nan vant anpil objè ki te patisipe nan plizyè fim. Men se bout planch nan fim Titanic lan ki te sove Rose la ki vann pou plis kòb.Lòt objè yo genyen frèt Indiana Jones et le Temple maudit a yo achte pou 525 mil dola, gen boul bowling ill Murray de Kingpin yo vann li pou 350.000 dola epi rach Jack Nicholson nan fim Shining yon moun achte pou 125.000 dola.Gen plizyè lòt objè nan fim Titanic ki te nan vant ozanchè sa tankou: yon pòt (125.000 dola), gouvènay bato a (200.000 dola), yon wòb an mouslin ki pou Rose (118.750 dola) epi yon telegraf (81.250 dola).