Juno7
Ansyen rapè gwoup ORS la Money Mike mouri
Jan. 24, 2022, midnight
Jean Huberman Charles anpil moun nan jenerasyon 90 koumansman 2000 yo konnen sou non atis li Money Mike mouri jodi lendi 24 janvye 2022, nan peyi Etazini. Selon enfòmasyon yo, Money Mike te malad.Money Mike se ansyen rapè gwoup mizikal Original Rap Staff ki te konn fè anpil bèl mizik fen lane 90 yo pou louvri ane 2000 yo. Gwoup sa Money Mike te konn pèfòme ak li te konn gate moun ak anpil bèl kanavalkote challenge lan te enteresan paske peryòd sa te gen King Posse ki t ap krache dife.Selon menm seri enfòmasyon k ap sikike sou lanmò atis la fè konnen li mouri a 47 lane. Li kite dèyè l yon pakèt bèl mizik k ap rete grave nan memwa fanatik mizik ki te konn konsome ORS anpil. Pami mizik sa yo gen “Ou bèl”, “Mèsi” elatriye.Aprè nouvèl lanmò a, plizyè moun sou entènèt la eksprime tristès yo epi salye memwa ak travay atis la te reyalize nan sektè a. D-Fi sou paj li di l repoze nan lapè epi remèsye l pou tout sa l te pote nan kilti a.N ap raple w an 2013, Money Mike te soti premye album solo li ki rele “20 ans après”ki gen 11 mòso sou li kote rapè a atravè album sa rapè a pale de vi pa l, sa l konprann de ensdistri Rap kreyòl la.Tout estaf la prezante senpati yo ak fanmi, zanmi, pwòch atis la san nou p ap bliye sektè Rap Kreyòl la.