Juno7
Eleksyon, sekirite, pase men nan konstitisyon an, se priyorite Ariel Henry pou 2022 a
Dec. 25, 2021, midnight
Nan yon mesaj espesyal premye minis pibliye vandredi 24 desanm 2021 an sou kont ofisyèl li, PM nan pwofite voye jwaye nowèl ak bòn lane bay popilasyon ayisyèn nan k ap viv anndan tankou andeyò peyi a pandan li te tou pwofite pale sou anpi sijè tankou koze ensekirite a, politik, refòm konstitisyonel, kowonavis elatrye.Chèf gouvènman an fè konnen li pran angajman ak ekip li pou modènize polis la ki vle di bay enstitisyon an bon ekipman ak bon jan fòmasyon pou ka kontinye proteje popilasyon an ak konbat kesyon ensekirite a.Depi kèk lane anpil pòs elektif pa gen moun ki eli tout bon ki ranplase yo. Nan lide sa, atravè mesaj li an, Ariel Henry envite sosyete a mete tèt ansanm pou kapab monte yon KEP li di san fòs kote, tout moun fè konfyans.Chef egzekitif la estime peyi a dwe dirije pa moun ki sòti nan eleksyon pandan l raple se konsa sa fèt nan tout peyi demokratik nan mond la .Nan mesaj sa, Premye minis Ariel Henry raple tout sa popilasyon an viv kòm evènman tankou lanmò Jovenel Moïse, tranbleman tè 14 out la, gwo dife nan Okap ki tiye anpil moun.Nan sans sa, Ariel Henry envite pèp ayisyen an mete tèt yo ansanm pou kapab mennen bak peyi a sou yon pi bon chimen daprè li ki dwe chimen lapè, djalòg ak konsansis pandan l te tou pwofite mande pou n sispann goumen ak pwòp tèt nou.Nan fen mesaj li a, li di l swete wè tout kouch anndan sosyete a travay ansanm pou Ayiti 2022 a ka pi bon pandan l te tou pwofite ankouraje popilasyon an vaksinen kont kowonaviris la k ap vale teren nan lemond.