this used to be photo

Juno7

Pou pwoteste kont “ajisteman” pri gaz la, kèk chofè bloke wout Dèlma 60 ak Boudon

Dec. 13, 2021, midnight

Kèk chofè transpò piblik mete tèt yo ansanm jodi lendi 13 desanm 2021 an pou pwoteste kont desizyon gouvènman an ki chwazi ajiste pri gaz la sou mache a pandan l pa panche sou pri kous machin yo. Sa ki ta mete anpil chofè an kòlè depi vandredi 10 desanm 2021.Nan sans sa, chofè yo mete machin yo kanpe an kwa nan rantre Dèlma 60 ak sou wout Boudon an. Sitiyasyon sa lakoz sikilasyon an vin enposib nan moman atik la t ap fèt la.Chofè pwotestatè yo ap mande pou gaz la desanm oubyen pou gouvènman an panche sou pri kous yo paske selon sa yo di pasaje nan diskisyon ak yo akoz yo deside pou kont yo monte pri kous machin yo.Depi vandredi 10 desanm 2021, desizyon gouvènman an rantre an aplikasyon sou koze ajisteman pri gaz la sou mache lokal la . Sa ki te fè yon gwoup moun te pran lari vandredi pase a pou mande desann pri gaz la.