this used to be photo

Juno7

Grèv la ap leve jodia a 4 è selon Jacques Anderson Desroches

Oct. 27, 2021, midnight

Nan yon konferans pou laprès, ki se manb Fòs Sendika pou Sove Ayiti (FOSSA) anonse leve grèv la pou jodia a 4è epi ap reprann 3 novanm k ap vini la.Leve grèv sa se pou pèmèt sitwayen yo ale ravitaye. Sendikalis la rasire demen dwe gen travay, vandredi dwe gen travay tou men li deja anonse 3 novanm se ap grèv ankò epi menase li ka pi rèd si Premye Minis Ariel Henry boude revandikasyon pèp la, pa chache mwayen pou pote solisyon.Jounen grèv sa yo se pou koze ensekirite jeneralize, rate gaz ki gen nan peyi a. Depi lendi okenn aktivite komèsyal pa fonksyone, kapital la sanse blanch. Se menm konsta a nan anpil vil pwovens.Manb FOSSA yo deklare tou yo pran tout distans ak fòs politik ki vle itilize mouvman sa nan kan pa yo epi pwomèt y ap kontinye angaje yo ak pran responsabilite yo pandan yo mansyone y ap chache yon solisyon ayisyèn nan kriz la.Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7