this used to be photo

Juno7

Yon ansyen minis afgan ap fè djòb livre manje sou bekàn an Almay

Aug. 29, 2021, midnight

Ansyen minis Kominikasyon sou gouvènman nan peyi Afganistan twouve l an Almay aktyèlman kote l ap fè djòb “coursier à vélo” nan pote manje ale.Ansyen wo fonksyonè sa twouve l nan vil Leipzig. Li te pati kite Afganistan an desanm 2020 an pou ale chache yon vi miyò, selon sa Reuters ak plizyè lòt medya rapòte.Konsène a deklare tou kèk moun an Afganistan te kritike l paske l ap fè yon travay konsa pandan ke li te minis nan peyi l.Aktyèlman li gen 49 lane, li te kite gouvènman afgan nan lane 2018 poutèt dezakò l te gen ak kèk moun nan nivo laprezidans, selon sa l eksplike ak ajans Reuters.Sayed Sadaat diplome nan enfòmatik ak telekominikasyon, li fè konnen li enstale l an Almay pou l gen yon avni ekonomik meyè ak yon gran wòl nan sektè Kominikasyon ak enfòmatik an Almay.Ansyen dirijan afgan an gen chans li te getan kite Afganistan, yon peyi Taliban yo pran depi dimanch 15 jiyè pase a, ki nan yon pwoblèm tèt chaje kote peyi oksidanto yo ap rapatriye moun pa yo ak kèk afgan ki t ap travay ak yo.Plizyè milye afgan toujou mase devan ayewopò Kaboul la nan espwa y ap jwenn yon avyon pou pati kite peyi a ki kontwole pa Taliban 20 lane yo te fin chase yo sou teritwa a.Semèn pase a, 2 eksplozyon fèt nan rantre ayewopò Kaboul la ki lakoz 13 sòlda ameriken mouri ak yon santèn blese san konte lòt sivil ki te twouve yo nan ayewopò a ki mouri.