this used to be photo

Juno7

Bangladesh: Yon kout zeklè tiye 16 moun pandan yon maryaj

Aug. 4, 2021, midnight

Otorite nan peyi Bangladesh enfòme ke gen 16 moun ki arive mouri maten mèkredi 4 out 2021 an, nan yon seremoni maryaj, apre yon kout zeklè.Enfòmasyon sa releye pa plizyè medya etranje pami yo jounal kanadyen . Daprè sa n li nan jounal kanadyen an, envite yo pou pwoteje tèt yo kont kout loray te desann bato yo te ye a epi  ale abrite yo tou prè fwontyè peyi End, se la tou kout zeklè a ta pral frape yo epi fè 16 viktim, daprè eksplikasyon administratè gouvènmanral vil Shibganj.Selon enfòmasyon yo, madan marye a pa gen anyen men mesye marye a blese pandan kout zeklè a.Chak ane yon santèn moun toujou mouri nan peyi Bangladesh akoz kout zeklè. Yon sitiyasyon ki bay anpil kè kase lè lapli ap tonbe.