Juno7
Frantz Mathurin enstale nan tèt Direksyon Depatmantal polis Nò a
Aug. 3, 2021, midnight
Komisè Divizyonè Frantz Mathurin se nouvo direktè depatmantal polis Nò selon sa redaksyon Juno7 aprann.Frantz Mathurin ki se ansyen derektè depatmantal Nip la ranplase nan pòs sa Komisè divizyonè Eddy T. Sylvain ki pase yon mwa ak 26 jou senpman nan pòs sa.Enstalasyon Frantz Mathurin fèt jodi madi 3 out la nan aprèmidi.Chanjman sa vini apre pil dezòd ki te gen nan depatman Nò a pandan peryòd preparasyon fineray prezidan an kote te gen kawotchou ki boule nan Kap Ayisyen, manifestasyon, piyaj nan kèk biznis san konte machin kèk ofisyèl ki te pran anpil kout wòch lavèy ak jou fineray la.