this used to be photo

Juno7

Edwin D. Zenny ap bay 50 mil goud ak Souffrant Borne, sitwayen ki te joure blan yo nan fineray prezidan an

July 25, 2021, midnight

Si fineray te make pa diskou, pwotestasyon kèk sitwayen, kriye, gen yon sitwayen ki arive depoze anprent li nan fason pa l pandan patisipasyon l nan fineray ansyen prezidan an. Non sa se Souffrant Borne ki pa t met dlo nan bouch li pou di tout kalte pawòl ak etranje(blan) ki te prezan nan seremoni an. Touswit apre antèman an, videyo sitwayen sa t ap pwopaje tankou lafimen sou rezo a. Anndan videyo sa nou te ka remake jenòm lan move kou kong epi lonje dwèt sou blan yo li di ki nan konplo asasinen Jovenel Moïse. Jan li t ap pale a epi lanse pawòl piman bouk yo te yon jan komik ki te kreye anpil blag kay entènot yo. “Eyy You, Go out! Yo Gyèt ***! Yo nan konplo a tou nèg”, se ak pawòl sa yo li t ap di blan yo pa gen plas yo la.Yon jou aprè fineray la, nan emisyon ki pase sou yon radyo Jakmèl ki rele “Alo senatè”, Edo Zenny te rele sitwayen an pandan emisyon an epi pale ak li. Se nan moman sa ansyen senatè Edwin Daniel Zenny te tou anonse l ap voye pa Mon Cash pou li 50 mil goud. Li te mande Souffrant Borne pou elaji kont Mon Cash li pou l ka gen posiblite jwenn lajan an. Jès sa ta vle montre ansyen senatè Sidès la kore aksyon sitwayen an. Men sou rezo a entènot yo entèprete l fason pa yo nan kòmantè. Genyen ki estime se ankouraje moun pwoveke moun, gen lòt ki aplodi jès Edo a, genyen ki kontinye fè blag ak sa epi gen ki di se kleren ki te tèt zanmi an . Sitwayen sa se yon nèg nan komin “Borgne” ki marye epi gen pitit. Li poze aksyon sa paske li estime blan ameriken yo pa ka vin fè sanblan yo pa konnen sa k pase a selon sa l di. Li te rapousib pou l di li pa t gen okenn perèz lè l ap di sa malgre te gen anpil sekirite, li deklare li pa janm pè moun.