this used to be photo

Juno7

Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles Bon Repo epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l

July 18, 2021, midnight

Ludjane Jean Gilles se non jèn fi 26 lane sa endividi moun pa rive idantifye rantre lakay li epi ale ak li an prezans fanmi l pandan li t ap fete anivèsè nesans li. Selon sa yon pwòch Ludjane konfime ak redaksyon an, aksyon sa pase nan lannuit samdi 17 jiyè a pou louvri dimanch maten an ki te 1 è, nan zòn Bon Repo, nan Komin Kwadèboukè Enpas Rosembert. Toujou selon pwòch demwazèl la ki t ap pale ak redaksyon la, se anndan kay la yo rantre yo pran Ludjane Jean Gilles. Li te nan kay la ak manman l, kouzin li epi yon frè l, yo bat manman an ak kouzin lan avan yo ale ak li.Pou kounya, endividi sa yo poko rele fanmi an nan moman nou t ap ekri atik sa. Se rezon, nou pa an mezi di se yon zak kidnapin paske fanmi demwazèl la poko resevwa okenn apèl bò kote moun ki pran Ludjane Jean Gilles yo pou mande ranson.