this used to be photo

Juno7

Pou evite propagasyon Kowonaviris la, Doktè William Pape swete gouvènman an kanpe sou referandòm nan

June 4, 2021, midnight

Doktè William Pape ki fè pati selil syantif anndan peyi a pou koze kowona fè konnen pozisyon sa pa gen anyen pou wè ak politik li jis yon kesyon medikal.Nan deklarasyon espesyalis la, li ta vle montre se t ap yon kontwadiksyon pou otorite yo ap fèmen lekòl pou evite foul moun epi pou ta ap òganize referandòm. Se toujou nan menm lide sa li swete pa gen referandòm kap reyini foul.William Pape pou kore pozisyon l lan estime peyi a bezwen yon serenite pandan koze referandòm lan divize peyi a, li rete kwè se pa moman pou ap alimante koze sa pandan sa pi enpòtan se ta konsantre tout enèji yo sou maladi a.Doktè Pape pandan moman an mande ak aktè politik yo fè yon ti poze sou kesyon politik la, pito yo fokis sou kowonaviris li estime ki se yon danje ki pandje sou tèt nou.Gouvènman an pran anpil mezi kote li renouvle eta dijans sanitè a pou 15 jou. Mande pou tout moun pote mask, pou tout lekòl fèmen 11 jwen kap vini an . Pou pa gen aktivite kiltirèl ki ka rasanble foul moun. Ministè edikasyon nasyonal entèdi gradiyasyon, fèt, joune rekreyativ elatriye.Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7