this used to be photo

Juno7

Nofraj Etwal Briyan: SEMANAH onore Josh Casimir, jèn gason ki pèmèt 3 moun sove a

May 21, 2021, midnight

Nan okazyon an, direktè jeneral SEMANAH a, Éric Prevost Junior remèt yon plak donè ak yon meday ak Josh Casimir ki gen 20 lane ki te twouve l sou Etwal Briyan pandan nofraj la epi pèmèt 3 moun sa yo sove aprè  anviwon 17 èd tan yo pase nan lanmè.DG SEMANAH a ki remèt plak sa ak Josh Casimir fè konnen plak sa pa sèlman pou Josh men pou tout sivivan ki te ede yon lòt pou rive sove aprè nofraj sa.Josh Casimir nan ti kout entèvansyon li mande èd Leta ayisyen paske selon sa l di vi l an danje san li pa bay detay sou danje ki pandje sou tèt li. Li te kontinye pou l fè konnen pyès li pèdi epi mande yon otorizasyon papye oubyen pou Leta ta pèmèt li jwenn pyès yo rapid. Se nan moman sa mesye Prevost te tou kanpe l lapawòl epi asire l l ap fè jere sa pou li.Éric Prevost Junior te pwofite moman an pou voye senpati bay fanmi viktim yo epi raple wòl enstitisyon l ap dirije a se pèmèt navigasyon fèt an tout sekirite sou teritwa a epi pwomèt y ap travay pou pa gen moun ki viktim nan travèse lanmè pandan l konsyan aksidan se yon bagay ki egziste. Se rezon li konseye chak moun k ap monte bato pou gen jilè sovtaj.Selon dènye bilan yo gen 11 sivivan, 5 dis ak 3 moun ki mouri aprè nofraj bato Etwal Briyan. Se la tou Josh Casimir te vin yon ewo nasyonal apre anpil moun te vin aprann li pèmèt 3 moun sove pami yo yon timoun 3 lane. Rezo sosyal yo te anflame sa ki te pouse anpil moun mande pou yo onore misye ki sove 3 moun epi mete vi pa l an danje nan moman li t ap poze gwo aksyon memorab sa.