this used to be photo

Juno7

Rektora Inivèsite Kiskeya enfòme li obsève plizyè ka kowona sou “Campus”  li an

May 20, 2021, midnight

Nan yon nòt ki pote siyati rektè Jacky Lumarque, rektora inivèsite Kiskeya enfòme kominote etidyantin  nan, pèsonèl anseyan ak administratif ak pèsonèl soutyen Inivèsite Kiskeya ke plizyè ka kontaminasyon pa kowonaviris obsève depi plizyè jou sou “Campus” la .Nòt la raple sikilè MSPP a  ki te deja enfòme gen 2 varyan kowonaviris ki detekte sou teren an. Nan sans sa, nòt rektora a fè konnen pwotokòl sanitè ki te adopte ane pase a pou campus la tou reyaktive. Moun ka konsilte pwotokòl la sou sit Uniq la.Rektora fakilte syans ak sante Inivèsite a raple ak kominote a pou aplike jès baryè yo tankou pote mask, lave men regilyèman, pran tanperati kò, respekte 1 mèt 50 distans  elatriye.Dènye jou sa yo sikilè yo atravè chif yo montre yon monte konsiderab moun ki kontamine ak kowona. N ap pwofite siyale w tou Ayiti aksepte don vaksen Aztrazeneca.