this used to be photo

Juno7

Dangelo Néard ak Kenley Jean-Baptiste motive elèv lise Firmin yo pou pa jwe ak tan yo

May 15, 2021, midnight

Nan yon sal anndan lise a ki te byen ranpli, elèv NSI, NSII, NSIII ak IV te reyini pou vin koute 2 jèn enfliyan, dinamik ki t ap pale yo de tan lè nou konnen yon tan ki pèdi pa ka ratrape.Se te okazyon pou Kenley Jean-Baptiste ki te prezan ak tout madanm li anndan konferans sa montre jèn yo kijan yon pakèt bagay kidnape avni yo anndan peyi a, yon fason tou pou montre kontni ki gen nan pwochen liv li a ki gen pou soti nan Liv an Foli ki rele “L’avenir d’une jeunesse kidnappée”.Nan yon anbyans bon timoun, liseyen yo te chita ap tande Mesye Jean-Baptiste ki t ap motive yo sou fason pou jere tan yo, pou pa remèt ak demen sa yo ka fè jodia, pou pa kite anyen jwe sou tan yo pou pa regle sa yo gen pou yo regle.Pi lwen, Kenley Jean-Baptiste konseye jèn liseyen yo pou bay tèt yo misyon pou aji nan yon òd tanporèl yon fason daprè ekriven motivatè a pou tan an pa ale kite yo.Touswit apre entèvansyon Kenley Jean-Baptiste, Epaphras Gibbs ki te moderatè anndan konferans sa te fè plas ak Dangelo Néard ki se direktè Bibliyotèk Nasyonal an menm tan tou prezantatè emisyon “Des Livres et Vous” sou chèn 22, Tele Karayib.Mesye “Gadon bonè a” te pwofite ti tan li an pou l eksplike pakou avèk Fiminis yo, li menm tou ki se yon ansyen liseyen.Pou motive jèn yo, li ankouraje yo panse gran, pa panse chich. Nan entèvansyon li yo, mesye Dangelo Néard montre se paske li pa t betize ak tan ki te devan l lan ki fè pi devan li benefisye yon pakèt bagay.Konferans sa, se te okazyon pou lekòl jounalis la ISNAC ofri 30 demi bous ak elèv yo nan plizyè opsyon.Konferans sa ekip ki te pran inisyativ pou òganize l se gwoup Metanoïa ki se yon gwoup anndan lise Firmin ki gen pou prezidan Apollos Gibbs. Gwoup sa te jwenn sipò Juno7 pou kouvèti medyatik, Best offre Création,, Fondation Jean-Baptiste.Photo: Haïti Nation Originale (HNO)Apre konferans sa, liseyen yo motive pou korije sa k pou korije, avanse pou pa kite tan ale kite yo.