this used to be photo

Juno7

Selon MSPP gen 2 varyan Covid-19 an Ayiti

May 14, 2021, midnight

2 varyan sa yo daprè MSPP se varyan brezilyen an ak pa anglè a. Avi a fè konnen Laboratwa Nasyonal ap kontinye mennen envestigasyon pou konnen konsekans varyan sayo kapab genyen pandan l ministè a souliye yo konsyan kijan varyan sa yo ka simaye byen vit anndan peyi a.Nan sans sa avi a mande pou sitwayen yo toujou mete kachnen, lave men nou, toujou pran tanperati moun yo, pou moun respekte pa distans 1 mèt 50 lan.Nan dènye bilan an, MSPP deklare li anrejistre 48 nouvo ka (Covid-19) pou dat 11 me a. Sa ki bay yon total 13, 353 ka konfime, 1 938 moun pase lopital, 271 moun mouri epi 12 414 moun trete. 48 nouvo ka yo, 43 ladan yo soti nan depatman Lwès la.