this used to be photo

Juno7

Tout sa w dwe konnen sou fenomèn “chen k’ap kole”

May 11, 2021, midnight

An Ayiti, moun toujou pran plezi obsève bèt tankou kochon, kabrit, chen lè y ap fè bagay, se tankou yon sèn teyat tèlman moun konn reyini. Plezi a vini plis se lè yo wè 2 chen kole nan plen rapò seksyèl, menm foto ak videyo yo konn fè. Kisa ki koz sa? Èske moun dwe bat chen yo pou dekole yo? Repons la se non . Aprè rechèch “konbine” pote detay pou nou sou fenomèn sa.Li rive souvan pandan rapò yo 2 chen kole. Pratik sa nan lang fransè a yo rele l “nouage”. Lè 2 chen kole pa gen anyen anòmal ni yo pa gen okenn difikilte, se jis yon akoupleman ki ap fèt.Premye pati nan rapò chen yo, nou konn remake mal la monte sou do femèl la. Apre mal chen an fin monte sou do femèl la epi rive penetre l, se la tou li pral demare lòt faz la, fenomèn kole a ki pote non “nouage” la.Nouage a ke nou di chen an kole a pa gen anyen anòmal ladan l. Se yon mouvman ki fèt kote 2 dèyè chen yo kole, mal la fè sa pou defann li an ka agresyon lòt chen sitou.Pandan pratik nouage la, grenn chen an vin rèd nèt ki vle di li gen yon “ereksyon konplèt” pandan grenn li nan bouboun lòt chen an. Misk konstriktè Bouboun femèl chen an vlope grenn chen an, sa ki vin fè chen yo kole. Chen yo ap dekole jistan ereksyon mal chen an fini.Fenomèn sa kapab dire ant 5 jiska 30 minit. Li pa bon pou anmètde chen ki kole. Souvan moun konn pati dèyè chen yo, ba yo kou, eseye dekole yo.Jan nou di pi wo a, pa gen anyen anòmal nan fenomèn sa ni chen yo pa an difikilte. Li pa bon pou ap tante separe 2 chen ki kole pandan yo an plen rapò. Nan eseye dekole chen an ou ka fraktire zo penyen mal la epi koze yon dechiri vajinal kay femèl la. Aksyon sa yo ka koze emoraji ki ka mete lavi chen yo an danje.Pa gen anyen yon moun ka fè pou chen pa kole koz se yon bagay nòmal nan koze repwodiksyon lakay chen. Ann sispann bat yo, kouri dèyè yo, ale chache dekole yo men nou dwe proteje yo.