this used to be photo

Juno7

Ti Gwav: Elèv lise Faustin Soulouque leve kanpe kont arestasyon yon kanmarad yo

March 22, 2021, midnight

Daprè sa repòtè ki te sou plas rekeyi kòm enfòmasyon, arestasyon sa vini apre lanmò yon lòt elèv lise a ki se Saincilaire Caleb. Saincilaire Caleb la te resevwa yon kout wòch nan tèt semèn pase jou fèt Lise Faustin Soulouque la. Li te resevwa kout wòch sa apre fèt lise a ki te vire an pwogram. Kout biswit leta sa li te pran l pandan li te sou moto ak 2 patnè l, selon dènye enfòmasyon yo. Apre kout wòch sa, moun ki te sou plas te kouri ak Saincilaire Caleb nan lopital jeneral Ti Gwav la ki pa t an mezi ba l swen ki te transfere l nan lopital Bernard Mevs kote l pase 3 jou men li te arive rann dènye souf li. Apre lanmò Saincilaire Caleb, kèk moun te soupsone se Deno yon lòt elèv lise a ki ta koz lanmò sa. Yon akizasyon elèv Lise Faustin Soulouque yo voye jete. Manman Deno ki te nan mobilizasyon an te pale nan mikwo repòtè nou epi fè konnen se pa lapolis ki te vin pran pitit li an yè dimanch lan, men pito 2 jèn gason ki pote Deno ale bay lapolis“Se pa lapolis ki arete Deno. Se mesye yo ki rele Deno nan telefòn, li leve a yon ti bout chòt sou li, yon mayo li t ap dòmi, kounya mesye yo di an n soti avè l, an n rive pi devan avè l, lè yo rive yo parèt devan komisarya a, yo remèt manda a, yo di arete endividi sa pou yo, yon kriminèl”, daprè eksplikasyon manman akize a. Pi lwen, li fè konnen li leve pitit li a, li pa konn Olglouton Deno konn nan kont ak moun ni joure moun. Pou kèk moun, Deno se nan mawon li t ale Pòtoprens apre aksyon an fin pase. Yon bagay matant akize a rejte epi fè konnen neve li a pa t nan mawon se nan maryaj li te ale Pòtoprens. Epi ale nan menm sans ak manman Deno pou di se pa lapolis ki arete l se 2 nèg ki pran l ale ak li epi mennen l lapolis. Apre nouvèl arestasyon sa, elèv lise yo t ap manifeste pou mande liberasyon Deno epi egzije ak lapolis pou chache vrè lotè zak la daprè sa yo di. Yo te bloke lari, paralize sikilasyon an epi anpeche machin rantre nan Pòtoprens pandan mouvman pwotestasyon sa.