this used to be photo

Juno7

Yon polisye mouri, youn pran katouch nan pye apre afwontman ak gwoup Fantom 509

March 22, 2021, midnight

2 polisye viktim yo t ap eseye bare gwoup Fantom 509 la ki t ap monte sou Dèlma daprè dènye enfòmasyon ki vin jwenn sal redaksyon an. Polisye Mistal Pierre Richard mouri sou plas nan nivo Dèlma 31 ak 33 nan kad afwontman ant patwouy polis la ak gwoup Fantom 509 apre l fin resevwa yon katouch nan kè. Polisye sa se yon ajan . Yon lòt ajan UDMO ki se Dominique Domerçant resevwa yon bal nan nivo manb enferyè li, pou kounya li ta dwe lakay li, eta sante l pa grav, daprè yon sa yon sous pwòch Juno7 konfime pou medya a.N ap raple gwoup Fantom 509 yo kontinye nan lari a pou egzije ak wo kòmandman PNH la ale chache kò 5 polisye yo anndan Vilaj. Semèn pase a, yo te pwofite lage plizyè polisye ki te fèmen nan komisarya ak prizon sivil Kwadèboukè a. Nan moman atik sa t ap ekri, zòn Dèlma te sou panik kòm dabitid kote trafik la te paralize, moun t ap chache rantre apre nouvèl Fantom 509 nan lari. Enstitisyon polis la po ko pwononse l sou sa k pase talè a bò midi yo.