Juno7
Blondedy di “Wi” ak D-Perfect
March 9, 2021, midnight
Foto sa yo nou te ka remake kèk polisye tou ki kenbe flè, Blondedy ki te abiye an blan nèt epi plizyè sitwayen ki te kanpe ap gade. Touswit apre piblikasyon foto ak videyo sa yo, chantè Ekip la te fè yon twit pou l di Blondedy di Wi san fè twòp kòmantè anndan twit sa. LI DI WI💍♌️♍️♾ — DPerfect (@dperfectmusic) Demann sa vini apre Blondedy te fin anonse li kraze yon kite sa ak papa pitit li epi lanmou ant D-Perfect ak atis la ta pral pran chè piblikman jistan D-Perfect arive tatouwe non Blondedy sou ponyèt li epi te montre l piblikman 1e mas anndan yon twit. Apre demann sa pa gen twòp detay. Anpil moun jis ap tann dat maryaj la pou Blondedy kontinye fè Ekip ak D-Perfect