this used to be photo

Juno7

Premye minis Jouthe Joseph fè detente vit nan machin kòtèj li yo

March 4, 2021, midnight

Apre ke Premye minis lan Jouthe Joseph te fin anonse desizyon CSPN lan pran pou entèdi machin vit tente sikile sou teritwa a yon fason pou lite kont kidnapin anndan peyi a. Chèf a anonse nan yon mesaj sou paj Facebook li ke l fè detente vit machin nan kòtèj li yo. N ap raple w Joseph Jouthe te anonse gouvènman bay samdi k ap vini la pou tout machin detente eksepte machin ak nouvo plak OF yo, plak CC ak CD. Nan ka kontrè, gen sanksyon k ap tonbe. Apre deklarasyon premye minis lan, genyen ansyen senatè Jean Renel Senatus ki te anonse sou Twitter ke l detente vit machin li bonè maten an epi akonpaye twit la ak yon foto. Ansyen depite Déus Derroneth fè menm bagay la tou.Bò kote rès popilasyon an gen moun ki twouve se yon bon desizyon, gen lòt tou ki panse se sinema sa p ap bay okenn rezilta.