this used to be photo

Juno7

“Sil pa nou li pa bon”, rapè Wendy frape fò

March 4, 2021, midnight

Si l pa nou li pa bon se yon nouvo pwojè ki dire 3 minit 53 segond kote ansyen mennaj Shishie a ap montre anndan mizik sa se li k chalè a nan mouvman an, kòmkwa depi se pa li bagay yo frèt kou nen chen, yo pa vo anyen. 26 premye segonn anndan mizik la nan refren an rapè a demare ak yon chalè pou l montre depi se pa W ki vle di depi se pa Wendy tankou se kòve lòt yo ap fè “Li pa bon, li pa bon, li pa kòmanse pa W li pa bon. Li pa bon, li pa bon, pa gen deba sou sa se pa nou c’est pa bon”. Anndan mizik sa Wendy pwofite vann tèt li ak talan kote l deklare byen fò depi se li se hit, depi se pa li bagay yo p ap mache li p ap fon pa. Moun k ap obsève te ka di ala ti tonton djòlè ka vante tèt li. Nan kontuinite mizik sa se konsa Wendy te pwofite montre jan l enpòtan nan Game lan pandan lòt yo pa gen deba sou yo akoz yo pa bon“Depi se nou gen vibe depi se nou li rèd oooh. Depi se nou gen hit si l pa nou l p ap mache l p ap fon pa. Depi nou la l ap diferan, lè n pa t la li pa t konsa. Depi se nou gen rap, li p ap chante l p ap konpa. Depi se nou ap gen dega ap gen hit menm a deba. Depi se nou pa gen konparezon posib pa gen deba. Depi se nou l ap verite lè n parèt l ap VIP. Depi se nou li p ap kreye buzz ni kolòn l ap merite. Depi se nou ou p ap konn lè l kòmanse ni lè l ap fini”. Moun k ap swiv flo atis la anndan nouvo mizik sa kapab temwanye pou di Wendy pa pran advèsè li yo oubyen atis ki nan menm sektè ak li yo pou anyen. Atis la depi nan tit nouvo mizik la getan vle montre se sèl li pa gen lòt. Anndan mizik sa, nan ide k ap degaje yo Wendy jis vle fè kwè se tenten lòt yo ap fè se li k domine rap la pa gen hit san li. Apre soti mizik Wendy a, atis Bob Cailloux ki te fè kòmantè epi f on mizik pou reponn Wendy deklare yè sou estati watsap li ak paj Facebook li ke Gen imaj nan pwen son pandan l deklare pou moun yo rete veye l jodi a. Sou IG, TJoe Zenny poste yon screenshot pou l di Wendy ap travay pou l plen Tara’s pou kont li menm jan atis etranje yo konn fè sa. Chantè konpa gwoup Kreyòl la pa t kache pou l di following, marketing ak product atis yo “On point”. King Combs ki se pitit P. Diddy apre soti mizik rapè ayisyen poste yon emoji ki senbolize fòs.Plizyè kòmantè kèk moun sou entènèt la tou felisite videyo a. Pou kèk nan yo videyo a sanble ak estil videyo ameriken jan sèn yo ye a. N ap raple w pandan n t ap ekri atik la videyo a te gen 698 mil views sou YouTube apre 17 èd tan depi l soti. Longue vie sou bò pa l gen 1.9 milyon views. Rete kounya pou lòt atis yo montre W a sa l di yo se pa vre. N ap swiv