this used to be photo

Juno7

Antèman polisye Patrick Anozard chante jodi samdi a

Feb. 27, 2021, midnight

Antèman sa te gen prezans direktè jeneral la, Léon Charles. Te genyen tou prezans premye minis Joseph Jouthe ak minis jistis la Vincent Rockfeller san konte zanmi, fanmi ak pwòch viktim lan ki te vin rann li yon dènye omaj. Patrick Anozard te jwenn lanmò l 5 fevriye pase a nan egzèsis fonksyon l pandan te gen afwontman ant lapolis ak gwoup polisye ki bay tèt yo non “Fantom 509”. Afwontman sa ta pral lakoz Patrick Anozard bwè dlo bouch li epi kite 2 pitit gason dèyè k ap leve san papa. DG Léon Charles bay defen an grad ajan 3 a tit “Posthume” ki te ajan 2 nan vivan l. Byen avan antèman an, direktè jeneral lapolis la te rann li Jakmèl jou ki sot pase yo kote li te vizite fanmi polisye a epi fè foto ak 2 pitit gason li pati kite yo.Premye minis Joseph Jouthe anndan yon twit enfòme li te rankontre madanm ak fanmi polisye a avan antèman an epi pwomèt gouvènman li an ap asire yo bon jan asistans ak akonpayman.