this used to be photo

Juno7

Kolektif Atis Angaje ankouraje popilasyon an patisipe nan mach dimanch lan

Feb. 27, 2021, midnight

Nan nòt sa, KATAN eksprime kontantman pou pozisyon anpil sektè nan lavi nasyonal la ki pozisyone sou atik 134-2 epi rete kwè manda Jovenel Moïse bout depi 7 fevriye 2021 ki sot pase a. Pi lwen, Kolektif Atis Angaje (KATAN) rete kwè se yon gwo etap popilasyon an franchi nan batay pou byennèt, lè sektè enpòtan nan klas politik la fè yon sèl ak sektè enpòtan nan sosyete sivil la pou ini fòs yo nan yon sèl konba pou pati dèyè Jovenel Moïse. Kolektif la anndan nòt sa denonse Jovenel Moïse ki daprè yo kenbe palè a an otaj ak konplisite Coregroup. Pou Kolektif la konpòtman sa montre volonte rejim an plas la genyen pou sabote enstitisyon Leta yo epi vyole konstitisyon peyi a.KATAN kwè ke atis yo pa dwe ret bèbè malgre pozisyon yo te ka genyen. Pou Kolektif la, popilasyon an ki toujou ap soutni zèv atis sa yo twouve yo nan yon moman difisil anba men pouvwa a. Nan sans sa, kolektif la envite gwoup atis sa yo desolidarize yo ak Jovenel Moïse yo kalifye atoufè diktatè. Pou konkli nòt sa, Kolektif Atis Angaje (KATAN) ankouraje manm li yo, popilasyon an foule beton an demen dimanch 28 la pou vin patisipe nan mach ki anonse nan kapital kont diktati ak ensekirite. Nòt sòt pote siyati plizyè atis tankou Magali Comeau Denis, Jacques Adler Jean Pierre, James Pierre alyas KKRAT, Thedina Jean Paul, 27 Wòklò, Kebert Bastien, , Shelo François, Don Kato, Samantha Normil…