this used to be photo

Juno7

Kowonaviris: Repiblik Dominikèn demare ak premye dòz vaksen “AstraZeneca”

Feb. 16, 2021, midnight

Se minis sante piblik peyi vwazen an, Doktè Plutar Coarias ki te anchaje bay premye dòz vaksen sa nan lopital Ramon de Lara. Premye moun ki pran vaksen “” kont kowonaviris la se Ramón Familia Alcántanra ki se yon kolonèl medikal entènis, li se direktè medikal adjwen lopital kote otorite yo t ap bay vaksen an. Vaksen sa te bay an prezans prezidan dominiken an Luis Abinader ki te akonpaye ak vis prezidant peyi sa Raquel Pena.Minis sante a te kontinye ak plan nasyonal vaksinasyon an kote li te ale nan lopial Moscoso Puello pou vaksinen pèsonèl sante ki an kontak dirèk ak moun ki gen maladi kowonaviris la.