this used to be photo

Le Nouvelliste

Nòt Ansanm anplwaye Enstiti Ayisyen statistik ak Enfòmatik

Dec. 2, 2019, midnight

Jou ki premye Desanm 2019 NÒT POU LAPRÈS Ansanm anplwaye Enstiti ayisyen statistik ak enfòmatik (IHSI) salye laprès pale, ekri ak an liy e pwofite okazyon pou denonse yon fwa ankò konpòtman ak ajisman mesye Wilson Fièvre, direktè jeneral konteste nan tèt enstiti a ki deside bridsoukou antame yon pwosesis pou demantibile biwo a jan li te fè sa lè li te direktè jeneral nan ONI. An katimini, mesye Fièvre deside gaye chak direksyon ak sèvis ki nan enstiti a nan yon ti chanm nan chak komin nan zòn metropolitèn lan.  Ansanm anplwaye yo ap raple pou popilasyon an kanpay sa a mesye Fièvre ap mennen nan konplisite avèk mesye Alfred Blaise direktè administratif ak finansye e Charles Henry Débrosse direktè enfòmatik pa gen de ni twa objektif ke afebli grèv ansanm anplwaye yo tanmen depi 21 oktòb pase a pou konteste nominasyon l nan tèt enstiti a paske li se yon prezime kowonpi. Ansanm anplwaye yo ap mande popilasyon ayisyèn lan rete vijilan nan lide pou anpeche mesye Fièvre kraze IHSI jan li te rive fè sa nan ONI kote anplwaye yo t a pral pouse do l avèk fraka. Paske mesye Fièvre gentan egzekite nan IHSI tout plan li te egzekite nan ONI pou l te kraze li kise : 1. Mete anplwaye an disponiblite san bout ilegalman ; 2. Revoke tout  kontraktyèl ; 3. Bay anplwaye lèt de blam pou entimide yo ; 4. Mete chak sèvis nan biwo a nan yon ti pyès kay nan yon komin nan zòn metropolitèn la. Nou envite tout près la debake nan Delma 83 demen lendi 2 Desanm lan al obsève ak de nawè yo fenomèn sa a ke mesye Wilson Fièvre mete an branl ki se fann IHSI an plizyè ti moso. Apre nan Digicel, li gentan mete you lòt moso nan yon chanm nan lokal ministè fanm ak dwa fanm. Je fon kriye d avans. Se ansanm anplwaye IHSI yo ki siyen nòt sa a.