Juno7
Imaj: Tansyon an te wo sou Channmas ant militan ak lapolis
Feb. 8, 2021, midnight
Jodi lendi a sou Channmas, plizyè militan te anvayi plas papa Desalin lan epi boule yon kawotchou, yon aksyon ki te pouse fòs lòd yo reyaji epi itilize gaz lakrimojèn epi tire tou. Pou riposte fas ak konpòtman polisye yo, militan yo te voye wòch, sa ki ta pral pouse polisye yo anvayi espas Channmas la ak gaz epi afwonte militan sa yo ki pa t deside bay vag konsa konsa. Nan kad afwontman sa yo 2 konfrè jounalis blese. An n reviv kèk imaj jounen an