this used to be photo

Juno7

Lanmò Grégory Saint-Hilaire: Etidyan inivèsite Aix-Marseille yo kontinye ap mande jistis

Oct. 16, 2020, midnight

Plizyè etidyan ayisyen ak etranje te reyini devan inivèsite a ak bandwòl ki make “vive le peuple haïtien en lutte”. Plizyè nan yo fè konnen yo rasanble nan objektif pou fè solidarite ak etidyan ayisyen an Ayiti k ap lite epi ki asasine pa lapolis. Yo fè konnen yo pote soutyen yo ak jenès ayisyèn lan. Fòk nou raple ke mouvman sa lanse pa “Comité de lutte d’Aix-en-Provence, CGT d’Aix-en-Provence, jeunes communistes de la région Bouches-du-Rhône” kote yo t ap kriye “Justice pour Grégory” yon fason pou degaje konsyans yo epi eksprime mekontantman yo kont zak represyon yo estime etidyan pa bò isit ap sibi.Depi apre lanmò Grégory a anpil mouvman lanse tou nan kapital ayisyèn lan kote anpil kanmarad etidyan defen an toujou nan lari ap pwoteste pou mande jistis. Mouvman ki toujou vire an tèt chaje kote kawotchou, wòch, gaz lapolis melanje ak represyon toujou fèt kont pwotestatè yo.