this used to be photo

Le Nouvelliste

Message du titulaire du MENFP, Pierre Josué Agénor CADET, à l’occasion de la Journée nationale des enseignants

May 16, 2020, midnight

17 mai 2020 Anseyant, Anseyan, Nan okazyon Jounen nasyonal anseyan, mwen vle salye yon lòt fwa kouraj ak detèminasyon chak anseyant, chak anseyan, ki pa sispann sèvi repiblik la sitou timoun yo. An verite, pa gen tankou bèl metye sa a ki se pwofesè lekòl kote nou pa sispann ankadre jèn yo e prepare sosyete demen an. Reskonsabilite a lou sou tèt nou aloske mwayen ak anviwonman metye a vini pi difisil chak jou. Se vre, moman n ap viv la a pa fasil avèk maladi COVID-19, kote lekòl fèmen e nou oblije rete lakay nou. Men se yon okazyon pou nou kontinye pote limyè e akonpaye kominote bò lakay nou pou nou ede timoun yo ak granmoun yo pwoteje tèt yo e evite maladi sila a pa fè ladènye sou yo. Li enpotan tou pou nou pwoteje tèt nou e anrichi konesans nou. Nan sans sa a, Platfòm nimerik ministè, PRATIC, pote plizyè zouti ak pwogram konpetans minimal la ki ka ede nou jere tan difisil koulye a e gide travay anseyan yo lè nou reprann lekòl la, paske fòk nou reprann lekòl pou lavi tounen e ede timoun yo fome tèt yo e prepare avni yo. Nan sans sa a, ministè a ap travay sou plizyè opsyon, apre avi komisyon syantifik la, sou kilè ak kijan nou pral reprann lekòl la. Mwen vle pwofite pou mwen remesye tout anseyan ki mobilize nan nivo fondamantal ak segondè pou prepare  kou ki sou platfòm PRATIC la, e ki ap pase tou sou radyo ak televizyon pou ede timoun yo kontinye aprann lakay yo. Jan administrasyon Moise-Jouthe la te pwomèt li, gen gwo jefò kap fèt pou tout anseyan lekòl leta ki gen lèt nominasyon e ki poko touche rive jwenn chèk yo nan yon ti bout tan. Anplis, gen lòt jefò k ap fèt tou pou nou ta jwenn yon ti bourad pou ede anseyan sa yo travèse moman difisil sa a ak COVID-19 la. Nou pa bliye tou èd ki bay ak plizyè lekòl ak inivèsite prive ki pral jwenn anseyan ki ap travay nan lekòl sila yo. Nou ta fè plis, men nou konnen, resous yo pa anpil e chaje bezwen. Nou deja remesye tout anseyant ak anseyan pou konpreyansyon ak pasyans yo. Nou konte sou nou pou nou ede ministè a prepare relans aktivite lekòl la kou sa posib. Chères enseignantes, chers enseignants, En ces jours difficiles qui interpellent tout un chacun et qui nécessitent un esprit de solidarité, de partage, de compréhension réciproque, de sens du bien commun et de la citoyenneté, je compte sur l’apport de chaque enseignante, de chaque enseignant pour cette mobilisation citoyenne auprès de la communauté afin de traverser cette crise sanitaire et de renforcer encore plus notre résilience pour le retour à l’école si attendu des familles mais en sécurité. Merci encore chères enseignants et chers enseignants ! Soyez ces lumières pour le renouveau de l’éducation, pour la joie de nos enfants !  Protégez-vous, protégez les autres !