Juno7
Vyagra, pwa bay bann ak andirans, men gen danje nan yo
Oct. 12, 2020, midnight
Jounen jodia gen anpil sibstans sou mache a yo di ki benefik pou gason ki santi yo pa gen bon bann rara lè y ap pèfòme, genyen tou ki la pou bay bon andirans lè yon nèg twouve l sou vant yon fi. Manke bann ak andirans fè anpil ti jèn konn parèt lèd devan mennaj yo ki fè anpil nan ti jèn gason sa yo konn kouri pote boure sou sibstans sa yo. Konsa tou, gen fanm ki konn di nèg la menm pou l ranje koze l lè l twouve li fè bèk atè. Nan kouri dèyè sibstans tankou pwa ak vyagra, gen anpil risk ti mesye sa yo pandje sou tèt yo san yo pa rann kont daprè doktè David.Doktè a fè nou konnen risk yo ka varye de yon moun a yon lòt ki ap pran sibstans sa yo. Pandan l detaye pou nou, tout sa ki ka rive yon moun ki fin pran sibstans sa yo. Selon doktè David, moun ka gen doulè nan pwatrin nan moman oubyen apre yo fin pran li an. Genyen ki ka gen tèt fè mal, asid, tansyon wo ak dyare. Gen kategori tou ki ka gen nen senyen epi sansibilite ak limyè. Fò souvan nèg k ap pran sibstans sa yo se pou kapab dire sou vant yon fanm. Anpil nèg pa vle tonbe nan fenomèn “Bonjou pwèl” la pou annik parèt epi dechaje. Nan sans sa, anpil jèn gason konn chache tout kalte pwodui nou site pi wo atik la pou kapab gen bann epi dire. Si anpil moun ka twouve yon relasyon ta dwe ale nan yon 1 nèd tan pou nèg la santi l gason tout bon, doktè David te refere l ak plizyè etid pou eksplike n konbyen minit yon rapò seksyèl ta sipoze dire. Nou te soulve pi wo atik la ke gen fanm ki konn ankouraje oubyen pouse nèg y ap fè sèks la ale pran sibstans lè yo twouve nèg sa pa gen bann di, yo kalifye nèg sa yo pa gason. Nèg ki pa gen andirans toujou ap fè bonjou pwèl, medam yo konn di yo fèb, yo pa gen jèvrin. Ki fè mesye yo konn prèske fou nan lari a nan chache pwodui.Pandan nèg yo ap pran pil sibstans sa yo, gen danje yo ka pote pou medam yo daprè doktè David. Pi lwen, doktè a eksplike nou danje sa pral genyen pi devan sou jèn gason ki pran plezi itilize sibstans sa yo kote l fè konnen gen risk pou grenn nèg sa yo pa leve ankò lè y ap rantre nan laj. Souvan lè yon gason twouve l manke andirans oubyen bann li pa bezwen konn sa ki ka fè sa li jis gen nan tèt li kòm sekou towo ak magi, boutèy yo fè, pwa, sapatann. Nan chache konnen sa k fè yon gason ka devlope sa, doktè David Laurangilles te pote kèk eksplikasyon pou nou, kote l di nou gen plizyè koz ki ka fè sa. Tou dabò se koz sikolojik swit a yon anksyete, depresyon, strès, enkyetid, manke dòmi. Li fè nou konnen li ka koz vaskilè ki trè komen kay gason paske grenn nan pa rive kolekte kantite san ki pou fè l bande oubyen di. Ou jwenn koz sa kay gason ki fimen, fè tansyon wo, sik, maladi kolestewòl. Doktè a te rale pou nou koz newolojik swit a entèripsyon nan transfè nan mesaj k ap soti nan sèvo a pou pote bay peni an. Daprè eksplikasyon l, entèripsyon sa fèt koz blesi nan mwèl epinyè, paralezi nè yo oubyen apre yon operasyon nan basen. Li rale koz òmon lan pandan l di li ra, li manifeste pa yon mank òmon seksyèl gason.. Fas ak tout detay sa yo, medsen jeneralis la envite moun ki ta swete oubyen ap pran sibstans sa yo pou yo ta asire yo ke yo pa gen maladi nan kè, kolestewòl, tansyon wo oubyen ba, anemi falsifòm paske se pa tout moun ki ka pran sibstans sa yo. Doktè a fè konnen laj ki rekòmande pou moun pran vyagra, se gason ki gen plis ke 18 tan epi ki gen pwoblèm bande tout bon pandan l ajoute pou l di nan ka gason ki pa ka bande, vyagra a pran 30 a 60 minit pou ede gason an bande. Moun nan ka pran l 3 a 4 trèd tan avan li ale fè sèks.