this used to be photo

Juno7

Plizyè jounalis ak etidyan reyaji apre lanmò Gregory Saint-Hilaire

Oct. 3, 2020, midnight

() Yon moso nan yon tèks jounalis Joubert Joseph pibliye sou paj Facebook li.yon pòs ki pote siyati , PDG Ted’Actu. Mesaj tristès sa pote siyati Luckson Saint-Vil ki se ansyen jounalis Métropole, Minustha FM, redaktè LoopHaïti, ki vin trè prezan sou rezo sosyo a. Delanot Philippe, prezidan Team Gason Pa Fasil. Yon pòs fè sou Twitter. Harry Claude Senatus, etidyan ENS: Samedy Pierre Wesley, ansyen etidyan IERAH k ap etidye an Frans kounya: Estiverne John West, ansyen etidyan Fakilte Etnoloji: Desil Pierre, ansyen etidyan Fakilte Syanzimèn: Don Waty BATHELMY, etidyan nan fakilte dwa: Emerson Paul, ansyen etidyan Fakilte Syanzimèn: Ricardo Pierre Aurevil, ansyen etidyan Fakilte Etnoloji: Raple ke li te 8 tè konsa lè nouvèl la te kòmanse ap gaye gon etidyan ki pran bal, nouvèl yo te menm fè kwè li mouri. Men kèk minit apre, jounalis Guerking Souffrant ak fotograf Edris Fortuné te rive pou enfòme rezo sosyo a “en temps réel” epi ta pral rasire tout moun etidyan an pa mouri. Malgre sa, moun te toujou gen vant bouyi, laperèz ak dekourajman a chak pòs Guerking Souffrant kote entènot te santi pa gen espwa pou jan nouvèl yo t ap vini: pran bal nan ENS, fè pil tan atè pa gen anbilans ki vini, apre mete l sou planch kouri jeneral, rive lopital la pa vrèman gen pèsonèl pou pran ka pasyan an jan sa ta dwe fèt, sou yon videyo Guerking Souffrant moun te ka remake jan kanmarad li yo ap rele kot doktè nan lopital sa lè yo rive ak Gregory.Apre, yo vin fini pa ale lopital Bernard Mevs ak li lè yo vin wè tout bon lopital jeneral son malad pou tèt pa l. Rive Bernard Mevs, se te getan twò ta, Gregory Saint-Hilaire rann souf li. Touswit apre, kanmarad li yo mete l sou menm planch lan epi monte yon pikòp epi retounen ak kò a anndan Lekòl Nòmal Siperyè, pandan y ap retounen sou tout wout la yo t ap chante “Yo ba nou kou a, kou a fè nou mal ooo”. Gregory Saint-Hilaire pase tout nuit lan anndan ENS jistan anbilans vin pran kò a maten an bò 9 vè11 an prezans manman l, papa l ak rès fanmi l ki te enkonsolab. Gregory Saint-Hilaire viv lanmò l avan l mouri.