this used to be photo

Juno7

Yon premye jounen grèv ki byen mòde pou maten an

Feb. 1, 2021, midnight

Nan kèk zòn tankou Pòtay Leyogann nou pa remake machin transpò ki konn asire trajè vil pwovens gran Sid la ak kapital la. Se menm kad figi a pou Lali, Bwavèna, Poupla, Nazon, Kafou Ayewopò rive Dèlma 32 repòtè Juno7 pat remake machin nan lari a, pat gen trafik machin piblik ki konn abitye fè trajè Petyonvil/anba lavil, Kafou Ayewopò/Pòs machan, Lali/Kanapevè, Pòtay/Dèlma 65, sinon 2, 3 grenn machin prive ki t ap sikile timidman. Komin Petyonvil ak Taba se menm bagay la tou. Se yon lari ki prèske vid kote kèk grenn moto ap sikile, moun ap mache ak kèk moun ki kanpe 2 bò laria ap obsève jounen grèv sa. Pa gen prezans elèv lekòl nan laria, sektè komèsyal la afekte, se detayan ki plis nan lari a kòm dabitid. Transpò an komen an paralize jan nou soulinye l pi wo a, kote pa gen machin moun oblije rale plizyè kilomèt a pye si yo pa gen kòb moto ki getan ogmante kous yo tou.N ap siyale tou prezans lapolis nan plizyè pwen epi kawotchou ki ap boule nan kèk zòn. N ap raple w jounen grèv sa vini touswit aprè te gen yon gwo manif yè dimanch lan nan kapital la, yon jounen grèv ki sipòte pa lidè opozisyon yo. Yon grèv k ap kontinye demen alapwòch 7 fevriye a, yon dat moun nan opozisyon ak kèk estrikti nan sosyete sivil la , yo deklare manda prezidan ap fini 7 fevriye 2021 epi li dwe kite pouvwa a.