Le Nouvelliste
Yon lòt lèt tou louvri pou dirijan yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)
Jan. 5, 2020, midnight
Akademisyen Michel DeGraff Pwofesè, Depatman Lengwistik & Filozofi nan MIT Fondatè / Direktè, Inisyativ MIT-Ayiti Nan dat 10 mas 2019, Sekretè Jeneral Akademi Kreyòl Ayisyen (Akademisyen Guy-Gérald Ménard) ekri m yon mesaj imel kote li pataje yon rezolisyon Konsèy Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA). Se Prezidan Pauris Jean-Baptiste ki te siyen rezolisyon sa a nan dat 17 desanm 2018. Rezolisyon sa a gen yon lojik ki dwòl ladan. Prezidan Jean-Baptiste di kon sa : Akademisyen DeGraff « kontinye ap denigre Akademi Kreyòl Ayisyen an nan espas piblik » epi li se rezon sa a ki fè « Konsèy Akademisyen an deside kenbe mezi sispansyon » kont Akademisyen DeGraff. Se depi nan dat 20 mas 2019 mwen reponn mesaj Sekrete Jeneral AKA a. Lèt mwen an al jwenn tout Konsèy Administrasyon AKA ansanm ak tout lòt Akademisyen yo. Jounen jodi a (20 desanm 2019), sa fè egzakteman 9 mwa depi AKA resevwa lèt sa a epi mwen pa ko janm jwenn repons — mwen pa menm jwenn yon ti nòt soti nan Sekretarya AKA ki t ava di m yo te resevwa lèt la ! Ann atandan, m oblije apa mande tèt mwen si misyon dirijan AKA yo se kreye diksyonè kreyòl kote definisyon yo pèdi sans yo. Lè m chache mo « denigre » nan diskyonè Akademisyen Féquière Vilsaint ak Maude Heurtelou, men sa m jwenn kòm definisyon : « denigre » se yon vèb ki vle di « Desann valè, pale mal ». Si n ap aplike definisyon sa a kòm sa dwa, fòk nou dakò se pa mwen k ap « denigre » AKA : tou sa m ekri sou AKA sou Facebook e nan laprès pa « pale mal » non ; tou sa m ekri sou AKA se verite ki chita sou dokimantasyon ki solid e ki deja demontre se dirijan AKA yo k ap « desann valè » AKA. Ki donk se dirijan AKA yo, yo menm menm, k ap « denigre » AKA. E poutan, AKA se yon enstitisyon ki gen yon misyon ki nòb. Se rezon sa a ki fè m ap pibliye lèt sa a ke m te ekri voye pou AKA depi 20 mas 2019 e ki toujou rete san repons. Mwen gen lespwa lèt tou louvri sa a ava ede dirijan AKA yo respekte règleman ak misyon AKA ansanm ak entegrite pwofesyonèl ki nesesè pou bon fonksyonnman AKA. An tou ka, dirijan AKA yo pa gen manda pou yo ta fè definisyon mo kreyòl yo pèdi sans yo. O kontrè, misyon AKA mande pou nou tout Akademisyen respekte prensip syantifik ki dwe ede n devlope itilizasyon lang kreyòl la (Atik 213, Konstitisyon 1987). Se nan misyon syantifik sa a mwen te angaje tèt mwen lè m te antre nan AKA depi inogirasyon enstitisyon an an desanm 2014. Se nan menm misyon syantifik sa a mwen te angaje tèt mwen lè m te kòdonatè Komisyon Syantifik AKA anvan m te vin deside bay demisyon m nan pozisyon sa a lè dirijan AKA yo t ap pibliye dokiman ki an kontradiksyon ak metòd syantifik — san yo pa konsilte Komisyon Syantifik la. Kòm lengwis, kòm Akademisyen e kòm direktè Inisyativ MIT-Ayiti (http://Haiti.MIT.edu & http://MIT-Ayiti.NET), mwen panse fòk mwen pataje lèt tou louvri sa a nan laprès paske gen plizyè konpatriyòt konsène ak plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la k ap poze m kesyon konsènan aktivite AKA oswa k ap mande pou Inisyativ MIT-Ayiti kolabore ak AKA nan travay sou lang kreyòl la. Malerezman, sa fè 20 mwa depi mwen pa o kouran de okenn aktivite entèn nan AKA m ; sèl nouvèl mwen genyen sou AKA se sa m jwenn nan laprès ak rezo sosyal. Nan dat 16 mas 2018, lè dirijan AKA yo te pran « yon mezi sispansyon » ki pa kadre ak Règleman Entèn AKA, sa se yon lòt demach ki vin gen yon enpak negatif ni nou fonksyonnman AKA, ni sou pwogrè mouvman kreyòl la kòm zouti ki endispansab pou devlòpman peyi a. Fòk dirijan AKA yo jwenn kouraj ak entegrite ki nesesè pou yo korije erè sa yo. Men lèt mwen te ekri voye bay kolèg Akademisyen mwen yo nan dat 20 mas 2019. Mwen fè kèk ti koreksyon nan fòm lèt la san m pa chanje sans kontni an. Vèsyon orijinal la nan paj sa a : https://www.dropbox.com/s/s4hbg4tdv1mdxa7/Akademisyen_DeGraff_20190320_repons_sou_Rezolisyon_4_AKA_20181216.pdf?dl=0 M espere dirijan AKA yo ava gen ase jantiyès ak pwotokòl pwofesyonèl pou yo finalman reponn mwen… Dat : 20 mas 2019 Konsènan : Rezolisyon #4, Asanble Jeneral Konsèy Akademi Kreyòl Ayisyen nan dat 15–17 desanm 2018 Chè Kòlèg Akademisyen yo, Se nan dat 10 mas 2019 ke m resevwa yon mesaj imel nan men Akademisyen Guy-Gérald Ménard ki pataje yon kopi PDF Rezolisyon #4 [https://www.dropbox.com/s/7wiiy7xjf4y7tue/Rezolisyon_AKA_17_desanm_2018.pdf?dl=0] ki soti nan Asanble Jeneral Konsèy Akademi Kreyòl Ayisyen ki te fèt nan Mibalè nan dat 15–17 desanm 2018. N ava sonje ke m te pibliye yon seri lèt tou louvri ak atik nan laprès konsènan aparans ak potansyèl koripsyon nan Akademi Kreyòl Ayisyen (« AKA »). Nan piblikasyon sa yo ki disponib pami gran piblik la, mwen te pataje analiz ak dokimantasyon konkrè sou deriv ke m te obsève dirèk dirèk nan AKA. Dènye atik ke m te ekri konsènan deriv sa yo se te nan jounal Ayibopost nan dat 17 avril 2018 (sa fè 11 mwa de sa) : https://ayibopost.com/degraff-denonse-dezod-ak-koripsyon-k-ap-fet-nan-akademi-kreyol-ayisyen-an Kounye a, Rezolisyon #4 AKA, ki vin jwenn mwen 8 mwa apre atik mwen sa a nan Ayibopost, deklare: « Rive jouk nan dat Asanble odinè 15-17 desanm 2018 la, Konsèy Akademisyen an konstate Akademisyen DeGraff kontinye ap denigre Akademi Kreyòl Ayisyen an nan espas piblik menm apre sispansyon an. » Ki di donk : Nan dat 17 DESANM 2018, Rezolisyon #4 s a deklare « rive jouk nan dat… 15–17 desanm 2018… Akademisyen DeGraff kontinye ap denigre AKA ». Epi prèv ke AKA bay pou « kontinyasyon » sa a se 2 atik ki te pibliye depi ann AVRIL 2018! Bon, kòm sa fè prèske enn an depi mwen pa gen okenn nouvèl sou aktivite entèn AKA, sa ka toujou posib AKA ap travay sou yon nouvo diksyonè kreyòl kote yo chanje definisyon mo « kontinye » a. Men, nan vokabilè kreyòl pa m ak vokabilè kreyòl nan diksyonè ke m konsilte yo (egzanp : diksyonè Kolèg Akademisyen Féquière Vilsaint ak Maude Heurtelou), sa enposib pou m ta va « kontinye » yon aktivite rive jouk an DESANM 2018 si AVRIL 2018 se dènye fwa ke m te angaje nan aktivite sa a. Nan paj 268 diksyonè Kolèg Akademisyen Vilsaint ak Maude Heurtelou, definisyon mo « kontinye » a esplike se yon vèb ki vle di « pwolonje, pa sispann », epi l bay egzanp sa a : « Mwen kontinye rete menm kote a toujou ». Ki donk mo « kontinye » a vle di gen yon aktivite k ap plede fèt san rete, san pòz, san kanpo, san enteripsyon. Ki donk Kolèg Akademisyen yo pa ka plenyen ke m « kontinye » nan yon aktivite si y ap sèvi ak atik ki pibliye depi ann avril 2018 kòm prèv ke m ap « kontinye » aktivite sa a. O kontrè, si Kolèg Akademisyen yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen konn pale kreyòl tout bon, fòk yo ta di se depi ann avril 2018 ke m SISPANN aktivite sa a. Lè n analize pawòl ki di « DeGraff kontinye ap denigre AKA », nou wè mo « kontinye » a pa fouti gen plas li nan Rezolisyon #4 sa a—sòf si Kolèg Akademisyen yo ta deside chanje semantik mo « kontinye » a, sòf si yo ta vle bay mo « kontinye » a yon sans ke l pa genyen! Kounye a, fòk nou mande : Èske mo « denigre » a gen plas li nan Rezolisyon #4 sa a? Pou sila yo ki gen entegrite entelektyèl e ki pa nan pati pri, analiz lengwistik ansanm ak done nan piblikasyon mwen yo ka sèvi pou demontre aklè se dirijan AKA yo, yo menm, ki « kontinye ap denigre » entegrite syantifik e administratif enstitisyon an olye pou yo sèvi ak kapasite entelektyèl Akademisyen yo pou n ranpli misyon AKA a—yon misyon ki nòb e ki, an prensip, ta dwe o sèvis peyi a. Epi tou, se verite, wi, ke m te pataje ak piblik la nan lèt tou louvri ak atik mwen sa yo ke m te pibliye nan mwa fevriye, mas ak avril 2018. AKA se yon enstitisyon leta k ap fonksyone ak lajan leta. Se dwa tout sitwayen pou yo konnen nan ki kondisyon AKA ap fonksyone. Piblikasyon mwen yo denonse deriv nan AKA, sou baz dokiman ki soti nan bon ti mamit. Si dirijan AKA yo panse mwen te bay manti pou m « denigre » AKA, fòk yo ta soti nòt pou laprès ki ta dwe ka pwouve mwen bay manti kont yo. Kòm mwen te pibliye analiz ak dokimantasyon ki demontre aklè se dirijan AKA yo ansanm ak Sekretarya Egzektif AKA ki te vyole Règleman Entèn AKA, si dirijan AKA yo vle demanti atik mwen yo, fòk yo ta pwouve se mwen ki te vyole Règleman Entèn enstitisyon an e ki te merite « lèt blam » ak « sispansyon ». Nan analiz mwen, ni dènye Rezolisyon AKA sa a (nan dat 17 desanm 2018) pou yo pwolonje desizyon « sispansyon » yo a, ni « sispansyon » orijinal la (nan dat 19 mas 2018) pa konfòm ni ak Règleman Entèn AKA ni ak prensip etik fondamantal. Sispansyon original la se youn nan rezon ki fè m te oblije kontinye entèpele AKA an piblik. Objektif mwen, depi nan premye lèt piblik mwen an (nan dat 17 fevriye 2018) rive jounen jodi a, se pou AKA rive fonksyone tankou yon enstitisyon ki djanm sou plan administratif, etik e syantifik. Ki donk, m ap mande Kolèg Akademisyen yo, yon lòt fwa ankò, pou yo reponn mwen sou 10 pwen ke m te soulve, sou baz dokimantasyon ki fyab, nan kritik ke m te fè sou « Lèt Blam » AKA nan dat 21 mas 2018. N ap jwenn kritik sa a sou paj Facebook mwen : https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10156361062238872 N ava remake ke tou lè 10 pwen sa yo chita sou analiz ak dokimantasyon ki konsène detay konkrè ki vyole prensip etik fondamantal ak Règleman Entèn AKA. M espere n ap dakò pa fouti gen okenn « amelyorasyon tout bon nan relasyon [Michel DeGraff] avèk Akademi an » toutotan Kolèg Akademisyen yo pa reponn mwen sou pwen fondamantal sa yo konsènan « sispansyon » m nan AKA—yon « sispansyon » ki pa te janm dwe vin jwenn mwen si AKA te aplike pwòp Règleman Entèn li san pati pri. Ki di donk m ap mande dirijan AKA yo pou yo aplike pwòp Règleman Entèn sa yo ki, an prensip, dwe jere demach sa yo nan AKA. M ap tann repons nou. Vreman vre, se pa fouti mwen sèl ki ka responsab « amelyorasyon nan relasyon [Michel DeGraff] avèk Akademi an » alòs ke se mwen ki t ap travay kou Mèt Jan Jak pou m eseye elimine potansyèl koripsyon nan AKA. Mwen se youn nan Akademisyen ki te toujou pare pou m defann AKA devan moun k ap atake enstitisyon an nan move kondisyon oswa k ap soulve kesyon sou travay syantifik AKA—menm lè mwen pa te fouti ka defann tout detay nan pozisyon AKA. Lè premye rezolisyon AKA sou òtograf la te soti nan dat 1e jen 2017, genlè se mwen sèl ki te reponn kèk kritik ki te pibliye sou travay la. Rive jounen jodi a, se toujou mwen k ap ede Kolèg nan AKA pou yo sèvi ak lang kreyòl la kòm sa dwa (egzanp : m ap esplike yo vre siyifikasyon mo tankou « kontinye » ak « denigre »). Malerezman, ata nouvo Rezolisyon #4 sa a bay yon lòt prèv sou mank lengwistik, administratif e etik nan AKA. Tanpri, Kolèg Akademisyen yo, mete chapo « Akademisyen » nou sou tèt nou epi mande tèt nou ki kritè ki pral antre nan detèminasyon « amelyorasyon » sa a ke AKA di l ap chache a. Fòk nou ta konpare mank lojik ak mank kritè ki nan Rezolisyon #4 sa a ak valè dokimantasyon ke m deja pataje sou deriv sa yo (nepotis, konfli enterè, deriv syantifik, deriv administratif, plajya, e latriye) ki te lakòz lèt tou louvri ak atik mwen yo. Se menm kalte deriv sa yo ki te vin antre nan pwosesis ki te mennen « sispansyon » orijinal la. Fòk mwen repete : N ap jwenn dokimantasyon sou sa nan repons mwen sou « Lèt Blam » AKA konsènan Akademisyen Michel DeGraff : https://www.facebook.com/notes/michel-anne-frederic-degraff/analiz-yon-l%C3%A8t-blam-ki-demontre-ki-jan-se-dirijan-akademi-krey%C3%B2l-ayisyen-yo-k-ap/10156360869338872/ Kòm m ap chache « amelyorasyon » nan relasyon m ak Kolèg Akademisyen yo nan AKA, mwen kouri reponn lèt nou an. Kounye a (nan dat 20 mas 2019), mwen ta renmen jwenn repons nou anvan 20 avril 2019. Si n ka respekte echeyans sa a e si n ka pote repons presi sou 10 pwen sa yo ke m te soulve nan kritik mwen an nan dat 11 avril 2018, sa se pral yon demach ki konkrè ki ta demontre ke Kolèg Akademisyen yo ap chache « amelyorasyon » tout bon vre « nan relasyon [Michel DeGraff] avèk Akademi an ». Dis pwen sa yo enpòtan, wi, paske, nan analiz mwen, yo demontre pou ki sa fòk dirijan AKA yo ta sispann « sispansyon » sa a imedyatman—paske « sispansyon » sa a pa konfòm ni ak Règleman Entèn AKA, ni ak Lwa Kreyasyon AKA, ni ak prensip etik ki ta dwe fondamantal nan administrasyon AKA. Wi, rezon ki fè m ekri lèt sa a jounen jodi a (20 mas 2019) se paske m ap chache bon jan fondasyon etik e administratif pou « amelyorasyon » sa a ke dirijan AKA yo di y ap chache nan relasyon yo ak Michel DeGraff. M ap tann repons nou tankou tè sèk ap tann lapli. Akademisyen Michel DeGraff nan Akademi Kreyòl Ayisyen | degraff@MIT.EDU Pwofesè Lengwistik @MIT | Direktè Inisyativ MIT-Ayiti | http://mit.edu/degraff